Opposition, Lamothe et Martelly !
Lamothe ale...Ak demisyon fòse bon tokay li a, Prezidan Martelly vin tounen yon kòk benezwèl ki pèdi anpil plim e ki pèdi grenn je dwat li nan gagè ak kout zepon opozisyon an. Se Prezidan Martelly ki anfot piske se li menm ki te al rantre tèt li nan gagè sa...je fèmen.
Manda Prezidan Martelly a tou fini. Dezomè se afè kourant Prezidan Martelly pral likide jiskaske 7 fevriye 2016 rive. Li ka ale avan dat sa tou si li pa byen jwe nan jou k ap vini yo e si Lapolis ak Minustah kontinye ap tire vrè bal sou popilasyon an k ap manifeste.
Ak depa Lamothe, Prezidan Martelly pèdi tout dan devan l. Pouvwa Tèt Kale a vin tounen yon pouvwa mazora. M panse Prezidan Martelly mal jere dosye demisyon Lamothe la. Demisyon an fèt ak twop presyon etranje e beton an. Prezidan an pa t prepare okenn altenativ ni negosye anyen pou l pa anfouraye nèt.
Dapre enfomasyon mwen genyen de sous entènasyonal m ka fè konfyans, Lamothe te gen tan bay Prezidan Martelly lèt demisyon l depi jedi 11 desanm nan a 10h30 am. Mwen te anonse sa vandredi a sou Radio Trans Inter, 98.1 FM, nan emisyon mwen an " La Messe du Vendredi ". Se pa t demisyone Lamothe pa t vle demisyone. Misye te rann li kont presyon yo te twop pou l reziste. Se pito negosye li te vle Prezidan Martelly negosye demisyon li an ak opozisyon an avan li anonse l piblikman.
Rezon ki fè se lannuit samdi louvri dimanch Lamothe finalman anonse demisyon l se paske Bill Clinton t ap fè traktasyon dènye minut pou wè si Lamothe te ka rete. Lot rezon an tou se paske Lamothe te fè refè preske yon dizèn fwa nan samdi swa diskou demisyon li an ke konseye l yo te prepare pou li.
Deklarasyon Clinton yo an favè Lamothe nan Miami Herald jedi a te antre nan kad traktasyon denye minut pou sove Lamothe. Men li te gen twò ta pou sove Lamothe....Blan yo te oblije nan vandredi swa mande Martelly pou l di Lamothe retire ko l nan Primati a vit vit paske pi ta ka pi tris e pou Martelly e pou kominote entènasyonal la. Martelly te oblije lage Lamothe pou sove pwop tèt pa l.
Lamothe pa kontan di tou menm ak Martelly jan li aksepte li demisyone a san okenn negosyasyon. Dapre Lamothe, prezidan an pa gen dwa ap bay bay san li pa garanti anyen pou li an retou. Se rezon sa ki fè li pa vle rete pou likide afè kourant jiskaske gen nouvo PM. Misye rete konvenki Palè nasyonal kontribiye anpil nan manje l. Lamothe reyalize e li menm e Martelly an danje legalman e politikman. Desizyon Kou Dapèl Potoprens lan pran yè kont fammi prezidan an vin strese pouvwa a plis.
Pouvwa a nan lari kounye a. Men eske opozisyon an alawotè ? Tank kriz la ap agrave, tank opozisyon an ap make pwen se tank yo paret divize plis. Chak grenn sektè nan opozisyon an vle pran patènite beton an.
Ou gen Aristide, Maryse Narcisse yon bò ak " Bò tab konsètasyon". Ou gen Moise Jean Charles ak Assad Volcy yon kote ak " Platfòm Pitit Dessalines". Ou gen yon lò kote " Tab konsetasyon an ak Andre Michel. Nou pa menm konn sa ki rete de Gwoup 6 pati politik yo.
Si Martelly ak Lamothe pa t montre yo gen kapasite politik pou byen jere peyi a, opozisyon an, ak tout divizyon e chirepit sa yo ki genyen nan mitan l pou pouvwa ak enfliyans, poko montre non plis yo alawotè.
Pouvwa an debandad, opozisyon nan kafouyay....piyay pou pipo ! Tout moun konnen kiyès ki pipo a nan sikonstans sa yo kote peyi a divize an miyèt moso ak yon kriz lidèship nasyonal. Sòt ki bay, enbesil ki pa pran. Sitou Pipo pa enbesil....
DV
No comments:
Post a Comment