Monday, December 29, 2014

Haiti - Politics Opinion

5 hrs · Edited · 
Ayiti : Demokrasi an danje !
Gen yon dinamik antidemokratik k ap devlope nan peyi a depi preske 2 deseni. Dinamik sa mete pwosesis demokratizasyon an an gwo danje. Nou konstate depi premye manda Preval la rive sou Martelly, ou byen Prezidan eli yo pa vle fè eleksyon ditou, ou byen eleksyon yo fèt nan gwo zak magouy lè yo resi fèt sou presyon pèp la ak Blan yo.
Se pa yon bagay pou n griyen dan ak li non. Se yon gwo pwoblèm serye ki menase pou kenbe peyi a nan enstabilite politik pèmanan anba grif otokrat eli ki pa demokrat men ki ale nan eleksyon nan mètdam ak yon ajanda diktati dèyè tèt yo.
Nouvo fòm diktatè sa yo ale nan eleksyon men yo pa kwè nan eleksyon. Kòm ansyen metod tradisyonèl, tankou koudeta reyaksyonè ou revolisyon popilis, pou pran pouvwa pa alamòd ankò, move grenn sa yo fofile yo nan sistèm demokratik la pou pran pouvwa non pa pou ede demokrasi a siviv ni konsolide l men pou destablize l. Se pa san rezon gen tout kriz politik sa yo an Ayiti. Rezon prensipal la sèke manke demokrat ki vle pouvwa ou ki sou pouvwa nan peyi a. Ti minorite ki swadizan di se demokrat yo ye a se pito yon ekip san prensip yo ye. Bon gade kijan y ap aksepte dyob pouvwa nan nenpòt kondisyon...
Danje sa vin pi grav toujou ak koze eli yo, prezidan ak palmantè, ki refize ale lè manda yo fini. Sa ki vin fè pèsonn pa konnen ki lè manda pèsonn komanse ni ki lè manda pèsonn ap fini. Ki sa sa ye la menm ? Kote demokrasi a ye la ? Tout moun sou kou, tout moun sou mètdam ak prensip yo.
Politik an Ayiti tounen yon koze move gede. Move gede ki gen tout lwa k ap danse nan tèt yo e ki tonbe nan fè briganday sou moun. Moun ou pa ta sipoze ap bay move gouyad nenpòt ki lè, nenpòt ki kote.
Bwa a mare ak otokrat eli sa yo e ak tout fo demokrat sa yo ki pran kontwol peyi a sou do yon pèp yo kenbe delibereman nan inyorans pou l pa rive konprann anyen nan anyen.
DV

No comments:

Post a Comment