Thursday, December 18, 2014

Lamothe : demisyon aloral !

Lamothe : demisyon aloral !
Ansyen Premye minis Lamothe poko demisyone vre devan lalwa ak Konstitisyon an. Yon diskou televize pou w di ou demisyone pa vle di w demisyone vrèman dapre pwosedi yo. Sa rele demisyon aloral.
Menm si mesye Lamothe ta remèt Prezidan Martelly yon lèt ki ta rele lèt demisyon, toutotan Prezidan Sena a ak Prezidan Chanm Depite a pa resevwa yon kopi administratif lèt demisyon sa, ebyen demisyon an aloral toujou. Se Palman an ki patwon legal Premye minis la e se Palman an ki te bay Lamothe lejitimite konstitisyonel pou l te vin Premye minis. Kidonk si li pa enterese a dyob PM lan ankò ou di mwens si evenman politik fòse l demisyone li gen pou devwa voye lèt demisyon l ba l Prezidan 2 chanm yo. Jiska prezan mesye Lamothe poko janm konfome l a obligasyon sa.
Yè swa mwen te gen yon ti rankont enfòmèl ak Prezidan Sena nan yon otèl Petyonvil. Mesye Desras konfime pou mwen li poko jamm resevwa kopi lèt demisyon Laurent Lamothe la. Sa se yon pwoblèm.
Koze pou Premye minis la demisyone aloral la ka kreye gwo pwoblèm. Afè pou mesye Lamothe deside pa likide afè kourant kòm Premye minis demisyonè a se yon pi gwo pwoblèm toujou. Sekretè jeneral Primati a, kontrèman a sa mesye Lamothe anonse, pa gen okenn pouvwa legal pou jere Primati a lè yon Premye minis demsyone. Sa se briganday.
Atik 165 Konstitisyon amande Prezidan Martelly te pibliye di n ap site : " Lè yon Premye minis demisyone, Gouvenman an ap rete an plas pou likide afè kourant jiskaske yon nouvo Premye minis pran fonksyon."
Atik 165 lan kontinye pou l di : " Si konsta ta rive fèt kòm sa dwa ke Premye minis la ta gen yon pwoblèm serye ki rann li enkapap pou l gouvene, ou di mwens si l ta retire kòl nan dyòb la pou rezon pèsonèl, Prezidan Repiblik la ap chwazi yon Premye minis enterimè pami manm Kabinè minis yo anatandan yo fòme yon nouvo Gouvenman nan yon delè ki pa depase 30 jou."
Kidonk nan tout ka figi ki prevwa nan Konstitisyon an, Laurent Lamothe pa ka vire do l li ale konsa lage Gouvenman an nan men Sekrete jeneral Primati a. Sekretè jeneral Primati pa gen plas li la. Nan sans sa, Laurent Lamothe ap jwe ak dife. Nenpot bagay mal, briganday malvèsasyon ki ta pase nan Primati a ak nan Gouvenman an, Lamothe ap toujou responsab de yo devan Palman an ak Kou Dèkont, daprè Konstitisyon an. Menm si li ta kite Primati a tankou li anonse sa, dapre lalwa se kom si li te la. Jou li ta bezwen dechaj yon jou l ap gen pou l rann kont tou de tout sa ki pase nan Primati a ak nan Gouvenman an depi jou li demisyone a, aloral ou pa, jiskaske yon mouvo Premye minis ranplase l piske responsabilite likide afè kourant se sou do l li ye, dapre Konstitisyon an.
Nouvel ki di ansyen PM Lamothe sove kite peyi a se manti. Se pawòl landyèz k ap fè zen. Lamothe toujou Ayiti. Misye toujou ap fè gwo politik sou teren an pou l ka chache enflyanse nan sans pa l pwosesis nominasyon Premye minis ki pral ranplase l la. Blan yo li panse ki te pwòch li yo di yo ta pi renmen ke misye pa ta sou teren an an Ayiti pou le moman.
Antouka, Prezidan Martelly te mete 2 pye l nan yon grenn soulye ak Laurent Lamothe. Kounye a, ak koze demisyon aloral la sa, se Laurent Lamothe ki mete pwòp tèt li ak 2 pyel nan yon grenn soulye ak demisyon aloral li a.
DV

No comments:

Post a Comment