Wednesday, December 17, 2014

Negosyasyon politik e Trèv !

Negosyasyon politik e Trèv !
Opozisyon an dwe negosye ak Prezidan Martelly. Pwen boul !
Pa gen demokrasi ni pwogrè san dyalòg ak konpwomi ant elit yo. Nan pwen kriz la rive la fòk gen konpwomi ant pouvwa a ak opozisyon an, konsansis ant lèl radikal ak lèl modere opozisyon an.
Opozison an twò divize....Chak ap tire kòd la bò pa yo. Kounye a se gwo chirepit nan opozisyon an pou dyob Premye minis la. Lavalas vle l pou li. Gwoup 5 pati politik yo ta vle PM nan pou yo. An menm tan, Prezidan Sena a, Simon Desras, Blan yo ap vanse pwop pyon yo pami Senatè yo. Pandanstan Mopod vle pran distans li...
Ke mesye opozisyon yo demele gèt yo antann yo sou yon Premye minis ki pwòch opozisyon an, men ki akseptab pou peyi a e ki modere ase pou Prezidan Martelly. Paske peyi a pa p kapab rete nan yon klima briganday pèmanan.
N ap mande yon trèv pou fèt Nwèl ak fen dane a. M ap mande opozisyon radikal la fè yon kanpe sou zèfè politik yo nan lari a pou popilayson an ka amize yo enpe pandan fèt Nwèl la e bwè ti soup joumou yo san kè sere ni kè sote premye Janvye.
Kit se opozisyon radikal, kit se opozisyon modere m ap mande yon trèv nan mobilizasyon yo pou fèt la.
Mwen menm pèsonèlman, m pa negosye fèt Nwèl mwen ak fen dane m ak pè pap. M ap fache anpil si Nwèl mwen pase mal ak dezòd briganday nan lari.
DV

No comments:

Post a Comment